Tèm ak kondisyon espesifik pou patisipasyon nan Challenge TikTok Jeneral Vilamar Promo.
$10 pou chak 10,000 views • Maksimòm $100 • 7 jou pou konplete
Patisipan: Nenpòt moun ka patisipe nan challenge jeneral la, kèlkeswa kantite abòne oswa views ou genyen sou kont TikTok ou.
Enskripsyon: Pou ou patisipe, ou dwe bay yon non, yon non itilizatè TikTok ki kòrèk, ak yon imèl ki valid. N'ap mande non legal ou sèlman lè n'ap bezwen voye lajan ba ou.
Yon sèl Challenge: Chak patisipan gen dwa patisipe nan yon sèl challenge aktiv alafwa. Si ou deja nan yon challenge ki poko fini, ou pap ka enskri pou yon lòt toutotan challenge lan poko konplete.
Kòmanse Challenge: Depi ou fin anrejistre, sistèm nan ap ba ou yon nimewo konfimasyon, yon nimewo idantite ak yon kwonomèt kap konte pou 7 jou (168 èdtan). Ou ka kòmanse challenge lan touswit apre ou resevwa mesaj konfimasyon an.
Dat Limit: Ou gen 7 jou pou ou fè views yo apati moman kwonomèt la kòmanse konte. Lè 7 jou yo fin pase, n'ap pase sou pwofil TikTok ou pou nou konte views yo.
Kontni Videyo: Ou dwe itilize sèlman mizik Vilamar Promo bay la pou challenge lan. Ou gen dwa reposte menm videyo a plizyè fwa si ou santi li ap nan avantaj ou, men se sèlman videyo ki gen pi plis views la n'ap konte pou peyman an.
Valè Pri a: $10 USD pou chak 10,000 views
Ou ka fè jiska $100 pou chak pòs ou fè
Validasyon Non: Pou nou voye lajan an, ou dwe bay non legal konplè ou. Depi ou fin resevwa yon peyman, ou pap ka chanje non legal sa a ankò nan sistèm nan.
Dwa pou anile/rejte: Vilamar Promo gen dwa anile oswa rejte yon antre nan challenge lan si genyen nenpòt aktivite fwod (fraudulent activity), tankou itilize bot pou views, oswa nenpòt lòt vyolasyon règ sa yo.
Efase Kont: Ou gen dwa efase kont ou nenpòt ki lè. Lè ou efase kont ou, w'ap pèdi tout aksè nan dashboard ou epi w'ap pèdi tout istwa patisipasyon ou yo.
Pou nenpòt kesyon konsènan Challenge TikTok Jeneral, ou ka kontakte nou sou:
imèl: contact@vilamarpromo.com