Vilamar Promo Logo

TÈM AK KONDISYON

VILAMAR ELITES Challenge

Tèm ak kondisyon espesifik pou patisipasyon nan Vilamar ELITES Challenge.

$200 pri total • 2 ganyan • 100 patisipan maksimòm • 15 jou gwoup challenge

1. Kondisyon pou Patisipe

  • Patisipan: Vilamar ELITES Challenge se yon challenge eksklizif ki limite a 100 patisipan sèlman. Se yon challenge gwoup kote tout moun kòmanse ansanm epi fini ansanm.

  • Enskripsyon: Pou ou patisipe, ou dwe bay yon non, yon non itilizatè TikTok ki kòrèk, ak yon imèl ki valid. N'ap mande non legal ou sèlman lè n'ap bezwen voye lajan ba ou.

  • Yon sèl Challenge: Chak patisipan gen dwa patisipe nan yon sèl challenge aktiv alafwa. Si ou deja nan yon challenge ki poko fini, ou pap ka enskri pou yon lòt toutotan challenge lan poko konplete.

2. Règ ELITES Challenge la

  • Kòmanse Challenge: Depi ou fin anrejistre, sistèm nan ap ba ou yon nimewo konfimasyon, yon nimewo idantite ak yon kwonomèt kap konte pou 15 jou (360 èdtan). TOUT patisipan yo ap kòmanse ansanm epi yo ap fini ansanm nan menm dat limit la.

  • Dat Limit: Ou gen 15 jou presize pou ou fè views yo apati moman kwonomèt la kòmanse konte. Lè 15 jou yo fin pase, n'ap pase sou pwofil TikTok ou pou nou konte views yo.

  • Kontni Videyo: Ou dwe itilize sèlman mizik Vilamar Promo bay la pou challenge lan. Ou gen dwa reposte menm videyo a plizyè fwa si ou santi li ap nan avantaj ou, men se sèlman videyo ki gen pi plis views la n'ap konte pou peyman an.

  • Kondisyon Views: 2 patisipan ki genyen plis views yo ap vin ganyan yo. Sepandan, chak ganyan dwe genyen omwen 100,000 views pou yo ka resevwa pri yo. Si pa genyen 2 patisipan ki rive nan limit sa a, yo pap bay pri yo.

3. Peyman ak Pri

  • Pri Total: $200 USD pou tout challenge lan

    $200
    Pri Total
    1er Ganyan
    $100
    2èm Ganyan
    $100

    2 ganyan ap divize pri total la egalman ($100 chak)

  • Validasyon Views: Ganyan yo dwe genyen omwen 100,000 views chak. Si pa genyen 2 patisipan ki rive nan limit sa a, yo pap bay pri yo.

  • Validasyon Non: Pou nou voye lajan an, ou dwe bay non legal konplè ou. Depi ou fin resevwa yon peyman, ou pap ka chanje non legal sa a ankò nan sistèm nan.

4. Règleman Jeneral

  • Dwa pou anile/rejte: Vilamar Promo gen dwa anile oswa rejte yon antre nan challenge lan si genyen nenpòt aktivite fwod (fraudulent activity), tankou itilize bot pou views, oswa nenpòt lòt vyolasyon règ sa yo.

  • Efase Kont: Ou gen dwa efase kont ou nenpòt ki lè. Lè ou efase kont ou, w'ap pèdi tout aksè nan dashboard ou epi w'ap pèdi tout istwa patisipasyon ou yo.

KONTAK AK ASISTANS

Pou nenpòt kesyon konsènan Vilamar ELITES Challenge, ou ka kontakte nou sou:

imèl: contact@vilamarpromo.com

Retounen nan Seleksyon Challenge